AYISYEN NAN CHILI

CHILI ANONSE NOUVO VIZA TOURIS SENP

Konsila chili ki nan Pòtoprens la ap enfòme nou ke apati de 16 Avril 2018 la, tout sitwayen Ayisyen ki ta renmen vwayaje Chili nan kad vizit touristik, ki pa gen entansyon rete, oubyen rezide, oswa fè aktivite  pou fè kòb (travay oubyen komès) dwe genyen anvan yon viza touris, sa ki pral pèmèt li vizite peyi a pou yon peryòd de 30 jou.

Regleman ki gen rapò ak Viza sa a poko disponib. Yo pral bay plis enfòmasyon sou sa nan jou kap vini yo. Nou ka antre an kontak avèk Konsila chili ki nan pòtoprens la de Lendi a Vandredi a 09:30 Nan Maten pou rive 1h nan aprè midi.

Nan nimewo sa yo:

+509 3426 3782

+509 3426 3826.

 

PROLONJE KAT TOURIS LA

Kesyon: Kouman m ka pwolonje viza touris?-Pierre Rene

 

Repons: Zamim ou byen konprann ki tout etranje ki vini nan peyi Chili pou vakans, lè yo mete so pou 90 jou nan paspò a oubyen nan kat touris la, 30 jou anvan li fini ou kapab vini pwolonje li 90 ankò.

Pou fe sa, ou bezwen: Paspò original ak fotokopi ak kat touris la (PDI A), original ak fotokopi. Ou pral peye 100 dola pou fè posesis sa a. Se bon ki ou konprann byen ki aplikan an dwe fè posesis sa a, 30 jou anvan kat touris li (PDI A) ekspire, nan seksyon sèvis piblik, ki nan ri San Antonio nwmero 580 dezjèm etaj, Santiago.

Se trè bon ki relève lè sou net http://reservahora.extranjeria.gob.cl/

 

AVEC PÈMI TRAVAY ALE AYITI POU VAKANS

Kesyon: M genye yon “permiso de trabajo”, m pa konne si m ale Haiti pou vakans, paske m mande deja “visa temporaria” m pa genye poko.-Jean Daniel

 

Repons: Jean Daniel byenveni Chili. Nou konnen ou mande deja “visa temporaria”pou travay epi ou gen yon “pemiso de trabajo”. Si se konsa ou pa ta dwe gen pwoblem pou soti peyi a. Men ,mwen ankouraje ou pou ou ka pran kontakt ave PDI sou telefon 2 2690 1010, paske se yo menm ki cheke kiyes ki antre epi ki soti peyi an.

Si ou gen “permanencia definitiva” epi ou soti  plis pase 1 an deyo peyi an “permanencia definitiva” ap revoke. Ou ka evite sa si ou mande yon “prorroga”nan consulado chileno.

Mwen swete ou pase yon bon moman ansanm fanmi ak zanmi ou.

 

 

M VLE ENSKRI NAN YON LOPITAL KI RELE CESFAM

Kesyon: Mwen malad, epi m pa gen papye, M pa konnen ki sa pou yo fe. Edem tanpri. -Bonny

 

Repons: Tout moun ki rete nan Chili gen dwa pou resevwa asirans medikal de baz, etranje yo tou ladan l, malgre yo pa gen residans definitiv. Pa gen pwoblém zami pamSi youn moun vle enskri nan yon lopital (ti hospital ki rele CONSULTORIO o CESFAM), li dwe:

1.- Ale lopital la nan orè yo bay asirans (depi 8è nan maten jiska 5è nan aswe )

2.- Presante l nan lopital la avèk dokiman sa yo:

•Kanè l. Si l pa genyen l, li kapab ale avèk paspò l

“Certificado de residencia”. Moun nan kapab jwenn papye sa a nan “Junta de vecinos” ki pi pre lakay w. Se nan kote sa a y ap ba l sètifika sa a. Papye sa a montre li rete nan komin l ap mande asistans la (fè atansyon paske sa pa gen okenn rapò ak residans definitiv)

•li prale avèk papye li peye dlo, telefòn oswa kouran nan kay kote li rete a.

Zamim nou genye bon medikaman nan Chili, pa gen pwoblèm.