Yon gwo evènman ki pral pase nan Chili, se yon Eklips Solè

Jodia (02/07/2019) aprèmidi gen yon gwo evènman ki pral pase nan Chili. Se yon Eklips Solè.

Ki sa yon Ekplips ye?

Mo eklips la soti nan mo grèk “ékleipsis”, ki vle di disparèt oubyen abandone,li siyale absans solèy la nan syèl la..

Ki sa yon Eklips total solè ye?

Fenomèn sa a rive lè lalin nan kouvri solèy la nèt.

Se yon bèl evènman se vre, men gen kèk prekosyon nou dwe pran pou evite pwoblèm nan je nou.

1.- Nou dwe itilize linèt espesyal ki kapab bloke radyasyon enfrawouj yo.

2.- Si n pa gen linèt sa yo nou kapab itilize vit ki gen nan mask moun ki konn soude yo ( nimewo 12, 14 oubyen plis).

3.- Nou pa dwe itilize linèt solèy paske yo pa fèt pou sa, nou pa ka itilize: kamera pou fè videyo ni pou fè foto,lonnvi ak teleskòp.

4.-  Si n gen posiblite pou obsève eklips la nou pa dwe ret gade l plis pase 30 segonn youn dèyè lòt.

Pa bliye si nou gade solèy la dirèkteman sa ka fè gwo efè sou je n e li ka   lakoz brili nan retin je n

Kidonk zamim m yo pran prekosyon epi pran ti konsèy sa yo tankou 2👀 nan tèt nou.