KÒD SEKRÈ A OSWA CLAVE ÚNICA

KÒD SEKRÈ A se yon fason pouw idantifye w sou entènèt, sèlman ak RUN ou epi avek yon modpas.

Kòd sekrè sa kounya Etranje ka genyen l, lap itil nou poun fè tranzaksyon sou entènèt, fè demann viza définitif, prolonje viza Ak tout tranzaksyon oswa pakou pou natiralize.

Pou w gen kòd sekrè a, wap bezwen swiv twa etap sa yo:

1- Ou dwe ale nan biwo ofisye leta Sicile (registro Civil) avèk kat idantifye w(peyi Chili). Siw rete tou pre San Pablo, ou Kapab Ale tou nan Institut de prévison social (IPS) Instituto de previsión Social

San Pablo 5849

Orè: lendi a jedi de 08:30 a 15:30 e Vandredi de 08:30 a 14:00

Lew rive la, fonksyonè a ap mande w imèl ou epi lap baw *kòd aktivasyon*

2- ou dwe antre sou lyen ou jwenn sou imèl ou a, ale nan (asunto: confirmación registro oficina internet-SRCEI)

NAN pati SA ou dwe antre RUN ou ak Kòd aktivasyon yo te ba ou nan biwo a, se sis (6) lèt majiskil.

Yon lòt fason ou ka fè sa:  ou ka ale dirèkteman sou sit www.registrocivil.cl epi fè click sou lyen *activar clave única* nan meni an, nan ba goch ekran ou a.

3. Anfen, yon fenèt ap ouvri ak tout enfomasyon w yo, RUN, non w konplè, imèl. Aprè sa sistèm nan ap mandew pouw kreye kòd sekrè w, yon modpas ki dwe gen pi piti sis (6) lèt, se ou ki dwe kreyel.

Avèk sa, ou ap deja gen kòd sekrè w kreye kap pèmèt ou fè tranzaksyon sou entènèt nan anpil sèvis piblik, ladan yo gen (Registro social de hogares) service social des foyers